Paj Akèy | Depoze yon Fòmilè Reklamasyon | Dokiman nan Dosye |  Kontakte Nou 

Biwo Komisè Gouvènman an ("Office of the Attorney General", ki rele tou “OAG”) fenk fini ankèt li sou White Glove Community Care, Inc. (ki rele tou “White Glove”). Nan ankèt sa a, OAG jwenn White Glove pa te peye anplwaye li lajan li te dwe peye dapre Lwa sou Parite Salè pou Travay Kay Moun lan (Home Care Worker Wage Parity Act). Kòm konsekans vyolasyon sa a, si ou te yon anplwaye nan White Glove ant 1ye mas 2012 ak 31 desanm 2018, yo dwe ou lajan.



  • 11 jiyè 2023: Pou resevwa sa yo dwe ou dapre aranjman an, ou dwe voye yon Fòmilè Reklamasyon pou li rive, pou pi ta, nan dat sa a.

Yo pral retire taks ou dwe peye sou salè ou nan peman w ap resevwa a, epi yo pral voye fòmilè taks ki koresponn yo ba ou, nan yon dat pi devan.

OAG ap peye CAC Services Group (“CAC”) pou sèvi kòm Administratè Reklamasyon nan ka sa a, ak voye anons yo bay anplwaye ki ankòz yo, ak okipe peman yo, ak reponn kesyon. Tanpri kontakte CAC, si ou gen nenpòt kesyon, oswa pwoblèm avèk sit entènèt la, oubyen si ou resevwa lèt sa a paske gen yon erè ki fèt.